Русия води позорна война срещу Украйна.     Бъдете с Украйна!
Споделяне
Размер на шрифта
Превод
Размяна на местата на текста и превода

Kiyès nan nou de a

Mwenmenm avè'w
Sa a pa si tèlman konplike
Sa pa difisil pou analize..
Kiyès nan nou de a
Prale di ke li enposib
Pou lanmou an kapab rive
Si mwen di
Ke mwen pa santi anyen
Ke fè wout la san ou
Pi sekiritè
Mwen konnen ou pral ri
Nan figi mwen
Mwen konnen souri ou deja
Mwen li nan jan'w gade
Souri'w se djòs on mask
E m pa bezwen'l ankò...
 
Mwen dezole pou'm di ke m renmen toutbon
Li rèd pou'm fè grimas
Nan mitan nou de
Pa gen plas pou sekrè ankò
Apre tout sa a nou te deja pataje yo
 
Nan labim bagay nou te di yo
Pa gen plas pou ke se sèl zanmi nou ye
Epi lè'm di ke mwen pa vle ankò
Fraz la rete alanvè
Dwat e gòch
E lè m'ap fè kòmsi mwen bliye
Mwen pa bliye anyen...
 
Epi a chak fwa mwen maron, m'proche pi pré
Epi pèdi'w anba je'm konsa sa a trò rèd
E se pou tèt sa a ke m'ap travèse fiti ou
Epi mwen fè ak souvni yo yon kote sekiritè...
Se pa ke mwen ta vle reviv nan akenn pase
Ni reveye yon santiman ki reveye déjà
Men a chak fwa ke m'ap chèche yon sòti
Mwen fini nan rantre pòt lavi ou san volonte
 
Mwen te chèche nenpòt pretèks pou'm pa fè fas avè'w
Pou'm pa di on lòt fwa san rete menm bagay la
Pale djòs pou pale
Ke mwen pa vle antame konvèsasyon sa a
Ke listwa ant nou de a pa enterese'm...
Si mwen eseye kache verite'm yo
Ou konnen souri mwen deja
Ou li nan jan'm gade
Souri mwen se djòs yon mask
Ke ou pa bezwen ankò...
 
Epi a chak fwa mwen maron, m'proche pi pre
Epi pèdi'w anba je'm konsa
Sa a trò rèd
E se pou tèt sa a m'ap travèse fiti ou
Epi mwen fè ak souvni yo yon kote sekiritè...
 
Se pa ke mwen te vle reviv akenn pase
Ni reveye yon santiman deja reveye
Men a chak fwa ke m'ap chèche yon sòti
Mwen fini nan rantre pòt lavi ou san volonte
 
Оригинален текст

Quem de Nós Dois

Натиснете тук, за да видите оригиналния текст (португалски)

Заявки за превод на „Quem de Nós Dois“
Колекции, включващи „Quem de Nós Dois“
Ana Carolina: 3-те най-преглеждани
Идиоми от „Quem de Nós Dois“
Коментари